Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 12:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Sepandan, nou pa pou bwè san an; nou dwe vide li atè tankou dlo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Men, piga nou janm manje san yo. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 12:16
15 Referans Kwoze  

“Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li.


Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.


pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”


Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman,


men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.


“‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.


Nou va manje li anndan pòtay nou yo. Pa pwòp la avèk pwòp la menm jan an, tankou yon kabrit mawon oswa yon sèf.


Pèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo avèk san an.


Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.” Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.”


“‘“Paske san fanm nan vèse se nan mitan l. Li te mete l sou wòch vid la. Li pa t vide li atè a, pou kouvri li ak pousyè.


Pou sa, pale yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nou manje vyann ak san ladann; nou leve zye nou vè zidòl yo pandan n ap vèse san. Èske konsa, nou ta dwe vin posede peyi a?


“‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite