Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 11:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Pou sa, nou va kenbe tout kòmandman ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou kapab gen fòs pou antre e posede peyi a nan sila nou prèt pou travèse pran an;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Se pou nou mache dapre lòd m'ap ban nou jòdi a, pou nou ka vin fò, pou nou ka pran peyi nou pral anvayi a pou nou,

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 11:8
19 Referans Kwoze  

Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan.


Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”


Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.


ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,


Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou vin vanyan!” Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”


Akoz nou pa t sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou ta twouve tout bagay, avèk jwa ak kè kontan.


sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.


Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.


konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.


SENYÈ a te kòmande mwen nan tan sa a pou enstwi nou lwa avèk règleman li yo, pou nou ta kapab fè yo nan peyi kote nou pral travèse pou posede a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite