Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 11:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Nou te wè kisa li te fè lame Lejip la ak tout chwal yo ak tout cha yo, ki jan li te fè dlo lanmè Wouj la kouvri yo, lè yo t'ap rapousib nou an. Senyè a te kraze yo nèt.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 11:4
9 Referans Kwoze  

Dlo yo te kouvri advèsè yo. Nanpwen nan yo ki te rete.


Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan tè sèch nan mitan lanmè a.


Cha Farawon yo avèk lame l lan, Li te voye yo nan lanmè. Pi bon pami chèf li yo te plonje mouri nan Lanmè Wouj.


Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’


epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a;


“Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou.


Pa lafwa yo te travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite