Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, kapab fè nou vin miltipliye yon mil fwa anplis ke nou ye a, e beni nou jis jan ke li te pwomèt nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Se pou Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen kounyeya. Se pou l beni nou jan li te pwomèt nou an.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 1:11
16 Referans Kwoze  

Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”


anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.


“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,


Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.


Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”


Joab te di: “Ke SENYÈ a kapab ogmante sou pèp li a san fwa ke sa! Men mèt mwen, wa a, èske yo tout se pa sèvitè mèt mwen an? Poukisa mèt mwen an ap chache afè sa a? Poukisa sa ta dwe koz pou Israël ta vin koupab?”


Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis, nou menm ak pitit nou yo.


Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”


Mwen te fè ou vin anpil, tankou plant nan chan yo. Ou te vin grandi, ou te vin wo, e ou te vin rive nan laj pou bèl flè. Tete ou te fòme e cheve ou te grandi. Malgre sa, ou te toutouni e san rad.


Bondye te di a Balaam: “Pa ale avèk yo. Ou p ap modi pèp la, paske yo beni.”


Se konsa yo va rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo.


SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.


Kijan mwen sèl mwen, ta kapab sipòte fado a nou menm avèk tout zen nou konn fè yo?


Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”


Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.


“Konsa, nou va rete piti an kantite, malgre avan nou te gran an kantite tankou zetwal syèl yo, akoz ke nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite