Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Danyèl 9:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan premye ane Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo—

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, wa Dariyis, moun peyi Medi, pitit wa Egzèsès la, t'ap mache sou ennan depi li t'ap gouvènen peyi Babilòn.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 9:1
9 Referans Kwoze  

“Nan premye ane Darius, Mèd la, Mwen te leve pou m ta kapab vin yon ankourajman ak yon pwotèj pou li.


Konsa Darius, Mèd la, te resevwa wayòm nan ak anviwon laj swasann-de lane.


Epi Daniel te kontinye jis rive nan premye ane Cyrus, wa a.


Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.


Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.


Alò li te vin rive nan tan Wa Assuréus la, menm Assuréus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo,


jennonm ki te san defo, ki te bo gason, ki te montre yo entèlijan nan tout kalite sajès, beni avèk bon konprann e ak kapasite pou disène, e ki te gen kapasite pou fè sèvis nan palè a wa a; pou l ta ka enstwi yo nan lèt ak langaj Kaldeyen yo.


Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite