Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lamenm, yo pote gode an lò ak gode an ajan yo, epi yo tout yo tanmen bwè ladan yo.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 5:3
11 Referans Kwoze  

Tout bagay ki te sòti lakay SENYÈ a, gran kon piti, trezò lakay SENYÈ a ak trezò a wa yo avèk ofisye li yo, li te mennen tout Babylone.


Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole; epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a, ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.


Tande bri a sila k ap sove ale yo, ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan, pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an; vanjans pou tanp Li an.


Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo.


men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.


Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.


Paske li pa t konnen ke se te Mwen ki te bay li sereyal la, diven nèf ak lwil la, e ki te bay li anpil lò ak ajan ke yo te fè sèvi pou Baal yo.


Tankou van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”


“Men nou ap pwofane li lè nou di: ‘Tab SENYÈ a vin souye, fwi li, menm manje li vin meprizab.’


Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.


Alò, li te vin rive nan jou sa yo, pandan pa t gen wa an Israël, ke te gen yon sèten Levit ki te rete nan zòn izole nan peyi ti kolin Ephraïm nan. Li te pran yon mennaj pou kont li, ki soti nan Bethléhem nan Juda.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite