Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li.
se ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.
Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”
Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.