Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, majistra yo ak tout chèf an pwovens yo te rasanble pou seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a; epi yo te kanpe devan imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se konsa, tout otorite yo te reyini pou gwo fèt premye seremoni an. Yo te kanpe devan estati wa a te fè fè a.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 3:3
11 Referans Kwoze  

Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.


Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.


Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo,


Pa gen moun ki gen konprann. Pa gen moun ki chache Bondye.


Sa yo gen yon sèl bi, e yo va bay pouvwa yo ak otorite a bèt la.


“Paske Bondye te mete nan kè yo pou fè volonte L avèk bi ke yo gen ansanm nan, e pou donnen wayòm pa yo a bèt la, jiskaske pawòl Bondye yo ta vin akonpli.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite