Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Danyèl 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Epi Nebucadnetsar byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Lè Nebikadneza tande sa, li move anpil, li fè gwo kòlè, li bay lòd pou yo mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego ba li. Lamenm, yo mennen twa mesye yo devan wa a.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 3:13
15 Referans Kwoze  

Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a.


Akoz sa, wa a te vin ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo.


Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou lafwa nan Jésus Kri a.


Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen.


Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus.


“Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.


Konsa, y ap menm fè nou vini devan ofisye ak wa yo pou non Mwen, kon yon temwayaj de yo menm ak lòt nasyon yo.


Yon nonm an kòlè pwovoke konfli e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.


Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; men moun ensanse k ap anmède a pi lou pase yo tou de.


Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li, pase yon moun ensanse nan mitan foli li.


men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.


Answit, chèf nan linik yo te bay nouvo non a yo menm. Pou Daniel, li te bay non Beltschatsar, Hanania non a Schadrac, Mischaël non a Méschac e Azaria, non a Abed-Nego.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite