Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Danyèl 11:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Apre kèk ane, yo va fè yon alyans e fi wa a Sid la va vin kote wa Nò a pou antann yo pou yo gen lapè. Men fi a p ap ka kenbe pozisyon pouvwa li a. Ni li menm wa Sid la, li p ap ka kenbe pouvwa pa li a; men fi a va vin livre, ansanm ak sila ki te mennen l antre ak sila ki te devni papa l, menm ak sila ki te bay li soutyen nan lè sa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Apre kèk lanne, wa peyi Lejip la pral siyen kontra ak wa peyi Siri a. Pitit fi wa peyi Lejip la pral marye ak wa peyi Siri a pou kontra a ka kenbe. Men, kontra a p'ap rete lontan, paske yo pral touye ni li, ni mari l, ni pitit li, ni moun li te mennen avè l lè sa a.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 11:6
9 Referans Kwoze  

Paske, wa Nò a va retounen e leve yon foul ki pi gwo ke sa avan an. Epi li va vini nan fen tan yo, menm nan fen ane yo, avèk yon gwo lame e avèk anpil minisyon.


“Nan lè lafen an wa Sid la va atake li. Wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye, e ak anpil bato. Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo.


Epi wa Nò a va vini, li va monte yon teras e li va pran yon vil byen fòtifye. Konsa, lame a Sid yo p ap ka kanpe, ni meyè solda byen chwazi li yo. Li p ap gen okenn fòs pou l ka kanpe.


“Men youn nan desandan fanmi fi yo va leve nan plas li. Li va vin kont lame pa yo, pou l antre nan sitadèl wa Nò a. Li va aji kont yo, e li va vankre yo.


Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo.


“Fis a lòm, Mwen te kase bra Farawon an, wa Égypte la. Gade byen, li pa t velope ak pansman pou l ta geri, ni ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe.


Chemen pa li yo reyisi tout tan; Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo. Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.


Sou mechan yo, limyè yo retire e bwa souleve a vin kase.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite