Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 10:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven nan pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Mwen pat manje okenn bon ti manje, ni okenn vyann. Mwen pat mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pat pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 10:3
11 Referans Kwoze  

EpiMéphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a.


jiskaske lavi li vin rayi pen, e nanm li, manje ke li te pi renmen an.


Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo.


Anplis dye, imaj metal, veso presye an ajan ak lò yo, li va pote yo an kaptivite an Egypte. Konsa, li va sispann atake wa Nò a pandan kèk ane.


Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.


Konsa, akoz nou foule malere a, e egzije taks nan blè sou li, akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye, malgre nou pa menm rete nan yo, konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo, men nou p ap bwè diven yo.


Pran piyaj ajan! Pran piyaj lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo.


“Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou,


Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.


Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite