Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Danyèl te pran desizyon nan kè l pou l pat manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l te ka toujou nan kondisyon pou l sèvi Bondye l. Se konsa, l'al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l pèmisyon pou l pa blije manje manje sa yo.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 1:8
22 Referans Kwoze  

Gade byen, “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’


Yo te vin jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor, pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.


Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.


Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.


Pa mennen kè m vè okenn mal, pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo. Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.


Pa dezire bon manje sa yo, paske se yon repa desepsyon.


Wa a te chwazi pou yo yon pòsyon manje ki te sòti nan meyè manje a wa a ak nan diven ke li te konn bwè. Anplis, li te fè lòd pou yo ta kapab fè enstriksyon lekòl pandan twazan, epi nan fen a twazan yo, yo te dwe antre nan sèvis pèsonèl a wa a.


Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.


Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.


men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.


Men sila a ki kanpe fèm nan kè li, san ke li pa anba kontrent, men gen otorite sou pwòp volonte l, e ki deside sa nan pwòp kè l, pou konsève pwòp pitit fi vyèj pa li a, li va fè byen.


Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.


Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a, e ki te bwè diven a bwason pa yo a? Kite yo vin bannou sekou! Kite yo fè kote pou nou kache!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite