Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 1:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan twazyèm ane a règn Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te fè syèj sou li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Nan twazyèm lanne reny Jojakim, wa peyi Jida a, Nebikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l toupatou.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 1:1
14 Referans Kwoze  

Jojakim te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye onzan Jérusalem. Non manman li te Zébudda, fi a Pedaja a nan Ruma.


Li te pote fè sòti depi la, tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a. Li te koupe an mòso tout veso lò ke Salomon, wa Israël la, te fè nan tanp SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te di a.


‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’”


Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan),


Pawòl ki te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a nan jou a Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, te di:


Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”


Nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di:


Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te pale a Baruc, fis a Nérija, lè l te fin ekri pawòl sila yo nan yon liv selon dikte Jérémie, nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, lè l te di:


Pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Babylone, peyi Kaldeyen yo, pa Jérémie, pwofèt la:


Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem.


Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;


Konsa, Daniel te mennen devan wa a. Wa a te pale e te di a Daniel: “Èske ou se menm Daniel ki te youn nan egzile a Juda yo, ke papa mwen, wa a, te mennen soti Juda a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite