Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Amòs 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Senyè a bati kay li anwo nan syèl la. Li mete vout syèl la anlè latè. Li rale dlo lanmè a, li vide l sou tout latè. Yo rele li Senyè. Wi, se konsa yo rele l.

Gade chapit la Kopi




Amòs 9:6
9 Referans Kwoze  

Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo, ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, ki etenn lajounen pou fè lannwit, ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; SENYÈ a, se non L.


Paske gade byen, Sila ki fòme mòn yo, ki kreye van an, e ki deklare a lòm tout refleksyon li yo; sila ki fè jou leve nan fènwa a, e ki foule wo plas sou latè yo; SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”


Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.


Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo. Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite