Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Amòs 9:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki touche tè a pou li fann, e tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil.

Gade chapit la Kopi




Amòs 9:5
17 Referans Kwoze  

Akoz sa, èske peyi a p ap pran tranble, e tout moun ki rete ladann p ap fè lamantasyon? Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil la. Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.


Nasyon yo te fè gwo boulvèsman. Wayòm yo te souke. Li te leve vwa l e latè te fonn.


Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.


O ke Ou ta chire syèl yo, ke Ou ta desann, ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou—


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”


Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble. Flèv dlo yo te kouri desann. Pwofondè a te gwononde. Li te leve men l anlè.


Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.


Akoz sa, peyi a va fè dèy. Tout moun ki rete ladann ap megri menm ak tout sa ki viv. Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo, epi pwason lanmè yo va mouri.


Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”


Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann. Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.


Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm, nan yon lè ke Ou toujou disponib. Anverite, nan gran flèv dlo yo, yo p ap kab rive kote Li ankò.


Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a, devan prezans SENYÈ tout latè a.


Li gade tè a e tè a vin tranble. Li touche mòn yo e yo fè lafimen.


Mòn yo tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite