Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 9:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Menm si yo fouye twou pou yo antre nan peyi kote mò yo ye a, m'ap rale yo met deyò. Menm si yo ta moute anwo nan syèl la, m'ap rale yo desann.

Gade chapit la Kopi




Amòs 9:2
15 Referans Kwoze  

Malgre wotè li ta rive nan syèl la, pou tèt li ta touche nwaj yo,


Ou di: ‘Kisa Bondye konnen? Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?


Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l. Zye Li veye tout sa yo fè.


Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye. Labim nan pa gen kouvèti.


Nanpwen fènwa, ni lonbraj fonse kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.


Tout moun va antre nan kav pami wòch yo, ak nan twou tè a, devan gran laperèz SENYÈ a, ak gwo bagay etonnan de majeste Li, lè Li leve pou fè tè a tranble.


Men pou laperèz a ou menm, awogans a kè ou te twonpe ou; ou menm ki rete nan twou wòch yo, ki okipe wotè a kolin nan. Malgre ou fè nich ou wo tankou èg, M ap rale ou desann soti la,” deklare SENYÈ a.


Malgre Babylone ta monte nan syèl la, e malgre li ta ranfòse sitadèl li a; destriktè yo va soti kote Mwen, e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.


konsa, Mwen va fè ou desann ak sila ki desann nan twou fòs la, al jwenn pèp ansyen yo. Mwen va fè ou rete nan pati ki piba sou tè a, tankou ansyen kote dezole yo, ak sila ki desann nan twou fòs la, pou ou pa menm gen moun ki abite nan ou. Men Mwen va mete laglwa nan peyi a vivan yo.


pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’


“Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a.


Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite