Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Mwen te frape nou ak van cho, ak lakanni; epi cheni te devore jaden ak chan rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Amòs 4:9
21 Referans Kwoze  

“Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi,


“Si gen gwo grangou nan peyi a, si se gwo maladi, si gen gwo dega jaden ak bèt, oswa kanni, si gen krikèt oswa bèt volan, si lènmi yo fè syèj a yo menm nan teren vil yo, nenpòt toumant, nenpòt maladi,


Se ki bo nou va pran so ankò? Poukisa nou mache fè rebèl san rete? Tout tèt la malad e tout kè a fèb.


Gade byen, nou tout ki limen yon dife, ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo; mache nan limyè dife nou te fè a, e pami tòch yo nou te lime a. Men sa nou va jwenn nan men Mwen an: Nou va kouche pou fè lamantasyon.


Siryen lès yo ak Filisten lwès yo; epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. Malgre sa, kòlè Li p ap detounen e men L va toujou lonje.


Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.


O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.


Yo p ap retounen nan peyi Égypte, men Wa Assyrie a va vin wa yo, akoz yo te refize retounen kote Mwen.


Sa ke ti krikèt la te kite, gwo krikèt la fin manje. Sa ke gwo krikèt la te kite, ti cheni an te manje. Sa ke ti cheni an te kite, gwo cheni an te manje.


Li te fè chan rezen mwen an vin yon kote gate. Li te rache pye fig mwen an. Li fin rache li nèt nèt, e jete li. Branch yo te vin blanch.


Konsa, Mwen va restore bannou pou ane ke gwo krikèt te manje yo, ak ti krikèt la ki kouri a tè a, ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou, gwo lame ke Mwen menm te voye pami nou.


“Men Mwen te bay nou anplis, dan netwaye nan tout vil nou yo, ak mank pen tout kote. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan yon lòt pou bwè dlo, men yo pa t satisfè; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen, deklare SENYÈ a.


Menmsi pye fig la pa ta fleri, ni pa gen fwi sou branch rezen yo, menmsi donn oliv la vin sispann, e chan yo pa pwodwi manje, menmsi bann mouton an ta koupe separe de pak la, e pa gen bèf nan pak la,


Tout zèv ki te fèt ak men nou yo, Mwen te frape ak destriksyon, lakanni, ak lagrèl. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,’ deklare SENYÈ a.


Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo.


“SENYÈ a va frape nou avèk epidemi tibèkiloz ak lafyèv, enflamasyon ak chalè ki brile, avèk nepe, maladi ki seche jaden, avèk pichon. Yo va kouri dèyè nou jiskaske nou mouri.


“Krikèt va posede tout bwa ak pwodwi latè nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite