Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Amòs 4:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li, “Gade byen, jou yo ap vini sou nou, lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann, e dènye bout nan nou ak gaf pwason.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Koute sa Senyè a di: Senyè a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fè sèman sou tèt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale.

Gade chapit la Kopi




Amòs 4:2
11 Referans Kwoze  

“Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.


Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen, Mwen p ap manti a David.


Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”


Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.”


Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo. Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo, ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.


Mwen va fè ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe;


SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la: “Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.


Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M.


“Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite