Amòs 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a, e yo pa t kenbe règleman Li yo; manti yo te koz yo vin egare, dèyè sila menm papa zansèt yo te mache. Gade chapit la1998 Haïtienne4 Senyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo. Gade chapit la |
“‘“Men lakay Israël te fè rebèl kont Mwen, nan dezè a. Yo pa t mache nan lalwa Mwen yo, e yo te refize règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Epi Saba Mwen yo, yo te vin pwofane nèt. Konsa, Mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo nan dezè a, pou manje yo nèt.