Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Amòs 2:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Anplis, Mwen va koupe retire jij la nan mitan yo, e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 M'ap touye chèf k'ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Senyè a menm ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Amòs 2:3
10 Referans Kwoze  

Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.


Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.


Kòn Moab te fin koupe nèt e bra li te fin kase,” deklare SENYÈ a.


Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen, ki fè jij latè yo vin san sans.


Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo.


Li vide mepriz sou prens yo, e lache senti a pwisan yo.


Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo. Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.


Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè, e ki jete ladwati rive jis atè yo,


Paske Mwen konnen transgresyon nou yo vin anpil e peche nou yo vin gran; nou menm ki boulvèse moun dwat yo, ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo, e ki detounen malere a nan pòtay la.


Èske cheval konn kouri sou wòch, oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf? Konsa, nou te fè Lajistis vin tounen pwazon e fwi ladwati vin anmè nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite