Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 “Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti peyi Égypte la. E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan karantan, pou nou ta ka posede peyi Amoreyen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Mwen fè nou sòti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.

Gade chapit la Kopi




Amòs 2:10
26 Referans Kwoze  

Anverite, pandan karantan, Ou te fè pwovizyon pou yo nan dezè a, e yo pa t manke anyen. Rad yo pa t epwize, ni pye yo pa t anfle.


Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di: “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo. Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”


Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.


“Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.


Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.


Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’


Konsa, Mwen te retire yo nan peyi Égypte pou te mennen yo nan dezè a.


Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:


Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir?


Anverite Mwen te mennen nou monte soti nan peyi Égypte. Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”


Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran.


Israël te pran tout vil yo e Israël te viv nan tout vil Amoreyen yo, nan Hesbon ak nan tout vil li yo.


Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.


Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.


“Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: ‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri ofrann ak sakrifis karant ane nan dezè a, O lakay Israël.


“‘Anplis, pitit nou ke nou te di ta devni yon piyaj la, ak fis nou ki nan jou sa a pa t gen konesans a ni sa ki bon ak sa ki mal, va antre la. Mwen va bay yo li, e yo va posede li.


“Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”


Nan sid, tout teritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo;


“‘Alò, Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite