Amòs 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. Mwen va tounen men mwen kont Ékron, epi retay a Filisten yo va peri,” di Senyè BONDYE a. Gade chapit la1998 Haïtienne8 M'ap disparèt moun ki kòmande lavil Asdòd ansanm ak chèf ki rete nan lavil Askalon an. M'ap pini lavil Ekwon an. Tout rès moun Filisti yo pral mouri. Se Senyè a menm, Bondye a, ki di sa. Gade chapit la |