Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Anplis, Mwen va kase baryè an fè Damas la; Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan, ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden; epi pèp Syrie a va ale an egzil an Kir,” di SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 M'ap kraze pòtay lavil Damas la miyèt moso. M'ap disparèt moun ki rete nan Fon Avenn ansanm ak chèf ki kòmande lavil Betedenn lan. Y'a fè moun peyi Siri yo prizonye, y'a depòte yo nan peyi Kir. Se Senyè a menm ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Amòs 1:5
14 Referans Kwoze  

Alò, tout lòt zèv Jéroboam yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, jan li te goumen ak jan li te reprann pou Israël Damas avèk Hamath nan Juda, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?


Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò.


Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a.


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo.


Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.”


Yon nepe kont moun anfle yo; yo va devni moun fou! Yon nepe kont mesye pwisan li yo; yo va twouble nèt!


Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen; yo rete nan sitadèl fòtifye yo. Fòs yo fin epwize nèt. Yo vin tankou fanm. Lakay yo pran dife. Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.


Pòtay li yo te fonse antre nan tè, Li te detwi e kraze fè fòje a. Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo; lalwa, nanpwen ankò. Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.


“‘“Charan, Canné, ak Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.”


Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo va tonbe pa nepe. Y ap antre an kaptivite.


Anplis, wo plas Aven yo, peche Israël la, va vin detwi. Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo. Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!” E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”


Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal, ni travèse Beer-Schéba. Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite e gwo twoub va rive Béthel.


Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir?


Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite