Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Aje 2:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi Aggée te di: “‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo, ak sa ke yo ofri la yo, vin pa pwòp.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè sa a, Aje di yo konsa: — Men sa Senyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y'ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.

Gade chapit la Kopi




Aje 2:14
11 Referans Kwoze  

Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Sakrifis a mechan yo abominab; se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.


Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy; lanp a mechan yo se peche.


Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a, menm lapriyè li abominab.


Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.


Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a, Ni yo p ap fè L plezi. Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò. Tout moun ki manje ladan va vin souye, paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo. Li p ap antre lakay SENYÈ a.


Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.


sove lòt. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite