Aje 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Si yon nonm pote vyann sakre vlope nan ke wòb li, e avèk ke wòb li, li touche pen, manje kwit, diven, lwil, oswa nenpòt lòt manje, èske sa ki touche pa li menm va vin sakre?’” Prèt yo te reponn: “Non”. Gade chapit la1998 Haïtienne12 Si yon moun pran yon moso vyann yo mete apa pou Bondye, li vlope l nan ke rad li. Lèfini, li kite rad la touche yon pen, osinon yon manje kwit, osinon yon veso ki gen diven osinon ki gen lwil, ou nenpòt ki kalite manje, eske sa ap mete manje a apa pou Bondye tou pou sa? Lè Aje mande prèt yo sa, yo reponn li: — Non! Gade chapit la |