Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Aje 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Pèp sa a di: “Lè a poko rive; lè pou rebati kay SENYÈ a.”’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 — Senyè ki gen tout pouvwa a pale. Men sa li di: Moun yo ap plede di se poko lè pou yo bati kay Senyè a!

Gade chapit la Kopi




Aje 1:2
14 Referans Kwoze  

Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kolèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam.


Konsa, nan Juda yo t ap di: “Fòs a sila ki pote chaj yo ap febli, Malgre, toujou gen anpil fatra; Epi nou menm pou kont nou, P ap kab rebati miray la.”


Sila ke veye van an p ap simen; ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.


Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.”


Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


Parese a di: “Gen yon lyon deyò a; m ap mouri nan lari!”


Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt Aggée a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis la a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di:


Konsa, pawòl SENYÈ a te vini pa Aggée, pwofèt la. Li te di:


Alò, Joas te rele Jehojada, prèt la ak lòt prèt yo, e li te pale yo konsa: “Poukisa ou pa repare donmaj kay la? Alò, pou koz sa a, pa pran kòb ankò nan men moun pa w yo, men pito livre li pou repare donmaj kay la.”


Yon tan pou touye e yon tan pou geri; yon tan pou demoli e yon tan pou bati.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite