Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va veye san rete pou wè ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mwen moute sou fò a. Mwen kanpe sou tèt miray ranpa a. M'ap tann wè sa Senyè a pral di mwen, ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen fin plenyen ba li a.

Gade chapit la Kopi




Abakik 2:1
23 Referans Kwoze  

Alò, David te chita antre de pòtay yo; epi gadyen an te monte sou twati pòtay sou mi an. Li te leve zye li e te gade. Men vwala, yon nonm ki t ap kouri li sèl a li menm.


Fis Israël yo te fè bagay an sekrè ki pa t bon kont SENYÈ a, Bondye pa yo a. Anplis, yo te bati pou kont yo wo plas nan tout vil pa yo soti nan fò kay gad yo jis rive nan vil fòtifye yo.


Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.” Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’”


O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen! Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen! Mennen pwosè vèbal ke akizè a te ekri.


Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran. Tankou yon prens mwen ta parèt devan L.


Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.


Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. Paske La p pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, men pa kite yo retounen nan foli yo.


Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo, pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.


Yo prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!


Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li bay rapò a sa li wè a.


Gadyen nan rele kon yon lyon: “O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou la! Nan lanwit sou pòs gad la!


Sou miray ou yo, O Jérusalem, Mwen te plase gadyen yo. Tout lajounen ak tout lannwit, yo p ap janm rete an silans. Nou menm ki raple SENYÈ a, pa pran repo pou tèt nou;


Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?


Mwen te mete gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’


“Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen.


“Alò, pou ou menm, fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Konsa, ou va tande yon mesaj soti nan bouch Mwen pou avèti yo pou Mwen.


Men pou mwen menm, mwen va gade vè SENYÈ a. Mwen va tann Bondye a sali mwen an. Bondye mwen an va koute mwen.


Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou.


pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite