Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Senyè a pale ak pèp li a, li di: — Voye je nou gade nasyon ki bò kote nou yo. Nou pral sezi, nou pral tranble. Mwen pral fè yon bagay devan je nou. Si se moun ki vin di nou sa, nou p'ap vle kwè.

Gade chapit la Kopi




Abakik 1:5
15 Referans Kwoze  

pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”


Pran reta epi tan! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò.


Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”


Wa latè yo pa t kwè, ni okenn abitan nan mond lan, ke advèsè ak ènmi an ta ka antre nan pòtay Jérusalem nan.


Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan.


SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.


“Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.


SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite