Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Abakik 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou pa delivre.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Senyè! Konbe tan ankò pou m pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m? Konbe tan ankò pou m pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k'ap maltrete nou yo?

Gade chapit la Kopi




Abakik 1:2
10 Referans Kwoze  

Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.


Poukisa Ou tankou yon nonm twouble, tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou? Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou; pa abandone nou!


Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”


Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ, pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?


“Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons. Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.


Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”


Sepandan, Ou sen; Ou menm ki sou twòn lwanj pèp Israël la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite