Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Senyè! Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m, Bondye tout bon ki la pou tout tan an. Senyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou?

Gade chapit la Kopi




Abakik 1:12
48 Referans Kwoze  

Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.


Èske ou pa t tande? Depi lontan Mwen te fè l; Depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye l. Koulye a, Mwen gen tan fè l vin rive, ke ou ta fè vil fòtifye yo vin pil ranblè.


Mwen te di: “O Bondye mwen an, pa rache m nan mitan jou mwen yo. Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.


Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.


Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a. Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.


Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,


Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.


Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo. Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.


Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye pandan tout jenerasyon yo.


Avan mòn yo te vin parèt, oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a, menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.


Twòn Ou etabli depi tan ansyen an. Ou la depi nan etènite.


Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, ki depann de cheval yo, ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la, ni chache SENYÈ a!


Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!


“Èske ou pa t tande? Lontan sa, Mwen te fè li; depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye sa. Koulye a Mwen fin fè l rive, pou ou ta fè gwo vil fòtifye yo vin tounen gwo pil mazi.


Èske nou pa konnen? Èske nou pa tande? Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a, Kreyatè a dènye pwent latè a, pa konn fatige, ni bouke. Konprann pa Li depase tout bon konprann.


Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt.


O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


“Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt.


Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan; twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.


Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan, e lè li lonje li kont peyi Égypte la.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.


Li te kanpe; tè a te sikwe. Li te gade; nasyon yo te etone. Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, ansyen kolin yo te vin efondre. Chemen li yo dire jis pou tout tan.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


“Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt.


“Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen,


Wòch la! Zèv Li yo pafè, paske tout chemen li yo jis. Yon Bondye fidèl e san enjistis, dwat e jis ke Li ye.


Bondye etènèl la se kote pou nou kache. Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan. Li te chase lènmi an devan nou; Li te di: ‘Detwi!’


Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.


ki t ap di: “Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”


“Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”


Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite