Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




3 Jan 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Démétrius te resevwa yon bon temwen a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwen nou sou sa, epi ou konnen ke temwen nou vrè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou mesye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a.

Gade chapit la Kopi




3 Jan 1:12
8 Referans Kwoze  

Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.


Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.


“Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo


Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”


E sila a ki wè gen tan bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè.


Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.


Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a.


Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite