Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 9:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè ou rive la, chache jwenn Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Lè w'a rive, w'a chache kote Jeyi ye, pitit gason Jozafa a, pitit pitit Nimchi. W'a antre kote li ye a, w'a fè li leve kite kanmarad li yo, w'a mennen li nan yon pyès apa.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 9:2
7 Referans Kwoze  

Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la nan yon chanm enteryè.


Michée te di: “Gade byen, ou va wè sa nan jou lè ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache kò w.”


Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo: “Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”


Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a.


Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi kondwi li se tankou kondwi a Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”


Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.” Jéhu te reponn: “Pou kilès nan nou?” Li te di: “Pou ou, O kapitèn.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite