Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, Élisée te pale ak fanm a fis ki te geri a. Li te di: “Leve ale avèk tout lakay ou e ale viv nenpòt kote ou kab ale viv; paske SENYÈ a te deklare yon gwo grangou e sa va rive menm sou peyi a pandan sèt ane.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fè tounen vivan sot nan lanmò a, li te di l pou li pati ansanm ak tout fanmi l al viv nan yon lòt peyi paske Senyè a te fè konnen talè konsa yon gwo grangou ta pral tonbe sou tout peyi a pou setan.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 8:1
31 Referans Kwoze  

Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a.


Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo.


Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt.


Alò, pou afè repete rèv la de fwa a, li vle di Farawon ke koze sa a deja detèmine pa Bondye, e Bondye va fè l parèt byen vit.


Epi sèt ane gwo grangou a te kòmanse, jis jan ke Joseph te di. Alò te vin gen gwo grangou nan tout peyi yo, men nan peyi Égypte la te gen pen.


Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.”


Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”


Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.”


Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”


Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.


Lè pitit la te fin grandi, jou a te rive pou li te ale kote papa li avèk moun rekòlt yo.


Li te rele Guéhazi e te di: “Rele Sinamit lan.” Konsa, li te rele li. Lè li te antre kote li, li te di: “Ranmase pran pitit ou a.”


Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”


Epi se konsa sa te vin rive li, paske pèp la te foule li anba pye nan pòtay la, e li te vin mouri.


Konsa, fanm nan te leve e te fè selon pawòl a nonm Bondye a. Li te ale avèk lakay li pou te vin viv nan peyi Filisten yo pandan sèt ane.


Li te rele gwo grangou rive nan peyi a. Li te kraze sous pen an nèt.


Yon tè fètil vin tounen savann tè sale, akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.


Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.”’


Lè Mwen kase pen pami nou, dis fanm va kwit pen nou nan yon sèl fou, e yo va mennen retounen pen nou nan pati ki mezire nan balans lan, pou nou manje, men pa pou nou satisfè.


“Men Mwen te bay nou anplis, dan netwaye nan tout vil nou yo, ak mank pen tout kote. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


Mwen te rele yon gwo sechrès vini sou peyi a, sou mòn yo, sou grenn sereyal yo, sou diven nèf la, sou lwil la, sou tout pwodwi latè yo, sou lòm, sou bèt ak sou tout zèv men nou yo.”


Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la.


Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli.


Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a.


Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.


Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite