Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Wa 6:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Li te reponn: “Ou pa pou touye yo. Èske ou ta touye sila ke ou fin pran an kaptivite avèk nepe oubyen ak banza ou? Mete pen avèk dlo devan yo pou yo kab manje ak bwè e ale kote mèt pa yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Elize reponn li: — Non. Pa touye yo. Ou janm touye moun ou fè prizonye lè w'ap goumen ak nepe epi ak banza? Ba yo manje, ba yo bwè, Lèfini, kite yo tounen al jwenn mèt yo!

Gade chapit la Kopi




2 Wa 6:22
10 Referans Kwoze  

Mwen bay ou yon pòsyon anplis ke frè ou yo, ke m te pran nan men Amoreyen yo avèk nepe mwen ak banza mwen.”


Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen, ni se pa nepe m k ap sove mwen.


Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”


Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò pou yo ak bèt chan yo, zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo. Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a, e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.


Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,


Apre, Mwen te voye gèp la devan nou e li te chase fè sòti wa Amoreyen yo devan nou, men pa akoz nepe nou ni banza nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite