Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te pale konsa a mètrès li a: “Mwen ta tèlman vle ke mèt mwen an te avèk pwofèt Samarie a! Konsa, li ta geri li pou l pa gen lalèp la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Yon jou, li di metrès li a: — Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 5:3
9 Referans Kwoze  

Alò, Siryen yo te sòti pa ekip e yo te pran an kaptivite yon jenn tifi nan peyi Israël; epi li te sèvi madanm a Naaman an.


Naaman te antre kote mèt li a e te di: “Men konsa, fi ki sòti peyi Israël la te pale.”


Li te rive ke lè Élisée, nonm Bondye a te tande ke wa Israël la te chire rad li, li te voye kote wa a e te di: “Poukisa ou chire rad ou konsa? Koulye a, kite li vin kote mwen e li va konnen ke gen yon pwofèt an Israël.”


Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!”


Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.


Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou chèn sila yo.”


Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite