2 Wa 5:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen15 Lè li te retounen kote nonm Bondye a avèk tout konpanyen li e te vin kanpe devan li, li te di: “Gade byen, koulye a, mwen konnen ke nanpwen lòt Dye nan tout tè a, sof ke an Israël. Pou sa, souple, aksepte yon kado nan men sèvitè ou a depi koulye a.” Gade chapit la1998 Haïtienne15 Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l yo. Li kanpe devan l, li di l konsa: — Kounyeya, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a. Gade chapit la |
Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an; Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.