Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?” Li te reponn: “M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: — Wa peyi Mowab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m pou nou atake moun Mowab yo? Jozafa reponn: — Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!

Gade chapit la Kopi




2 Wa 3:7
12 Referans Kwoze  

Epi li te di a Josaphat: “Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?” Josaphat te di a wa Israël la: “Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”


Élisée te mouri e yo te antere li. Alò, bann Moabit yo te fè envazyon teritwa a nan sezon prentan ane sila a.


Konsa, wa Joram te kite Samarie nan tan sa a pou te rasanble tout Israël.


Konsa, li te mande: “Nan ki chemen nou dwe monte?” Wa Joram te reponn: “Pa chemen dezè ki nan Édom an.”


Konsa, wa Israël la te ale avèk wa Juda a ak wa Édom an e nan vwayaj la, yo fè yon tou mache pandan sèt jou, e pa t gen dlo pou lame a ak pou betay ki te swiv yo.


Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?” Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.”


Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite