Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Sepandan, li te kenbe rèd a peche Jéroboam, fis a Nebat la. Avèk sila li te fè Israël peche a. Li pa t kite yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Men, li fè menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la fè peche. Li pat sòti pou l te kite vye chemen sa a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 3:3
20 Referans Kwoze  

Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo.


Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”


Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou—


Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li ak nan peche avèk sila li te fè Israël peche a.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.


Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t vire kite tout peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo; men li te mache ladan yo.


Li te fè mal nan zye a SENYÈ a e li te swiv peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. Li pa t vire kite yo menm.


Sepandan, yo pa t vire kite peche lakay Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo, men li te mache nan yo; epi zidòl Astarté a te toujou kanpe Samarie.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite pandan tout jou li yo peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou zansèt li yo te fè. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.


Lè Li te fin chire Israël fè l sòti lakay David la, yo te fè Jéroboam, fis Nebath la, wa. Epi Jéroboam te bourade kondwi Israël pou l pa swiv SENYÈ a e li te fè yo fè yon gwo peche.


Fis a Israël yo te mache nan tout peche ke Jéroboam te fè yo. Yo pa t kite yo


jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.


Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.


Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite