Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Josaphat te di: “Pawòl SENYÈ a avèk li.” Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, avèk wa Édom an te desann kote li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Jozafa di: — Sèten l'ap gen kichòy pou l di nou nan non Senyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y'al wè Elize.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 3:12
12 Referans Kwoze  

Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’”


Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?” Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”


Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.” Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”


Lè li te retounen kote nonm Bondye a avèk tout konpanyen li e te vin kanpe devan li, li te di: “Gade byen, koulye a, mwen konnen ke nanpwen lòt Dye nan tout tè a, sof ke an Israël. Pou sa, souple, aksepte yon kado nan men sèvitè ou a depi koulye a.”


Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, e fi yo kon manman nouris. Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, pou niche pousyè nan pye ou. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.”


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”


Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite