Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 24:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan jou pa li yo, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte e Jojakim te vin sèvitè li pandan twazan. Epi, konsa, li te vire fè rebèl kont li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Pandan reny Jojakim lan, Nebikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 24:1
19 Referans Kwoze  

Epi wa Assyrie te fè envazyon tout peyi a e li te monte Samarie pou te fè syèj li pandan twazan.


Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.


Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem.


Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo.


Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an?


Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan),


gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.


Pawòl ki te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a nan jou a Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, te di:


Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”


Nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di:


Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te pale a Baruc, fis a Nérija, lè l te fin ekri pawòl sila yo nan yon liv selon dikte Jérémie, nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, lè l te di:


Pou Égypte: konsènan lame Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.


“Israël se yon bann moun kap kouri devan lachas lyon an te chase yo ale. Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a, e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”


Nasyon yo te atake li tout kote soti nan pwovens yo. Yo te ouvri filè yo sou li. Li te vin kaptire nan twou fòs yo.


“Pou sa, ou menm, fis a lòm, pwofetize e bat men ou ansanm. Kite nepe a vin double pou twazyèm fwa a, nepe pou tout sila ak blesi fatal yo. Se nepe pou gran la ki pote yon blesi fatal. Nan chanm yo l ap antre.


Nan twazyèm ane a règn Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te fè syèj sou li.


Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a.


Paske, gade byen, Mwen ap leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou sezi kote ki pa pou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite