Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Wa 15:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi Azaria te dòmi avèk zansèt li yo. Yo te antere li avèk papa li nan vil David la, e Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lè Azarya mouri, yo antere l menm kote ak zansèt li yo nan lavil David la. Se Jotam, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 15:7
6 Referans Kwoze  

Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.


Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan.


Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?


Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa.


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.


Amatsia, fis pa li a: Azaria, fis pa li a; Jotham, fis pa li a;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite