Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 13:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Pou sa, Li te kite pou Joachaz yon lame ki pa t plis ke senkant chevalye avèk dis cha e di-mil sòlda apye; paske wa Syrie a te detwi yo e te fè yo vin tankou pousyè vannen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lame Joakaz te rete avèk sèlman senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil (10.000) sòlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lòt yo, li te pilonnen yo anba pye l tankou pousyè.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 13:7
17 Referans Kwoze  

Alò mwen te fè poud ak yo tankou pousyè tè a. Mwen te kraze e te foule yo Tankou kras labou lari.


Alò, li te rasanble jennonm a chèf pwovens yo, te gen de-san-trann-de. Apre yo, li te rasanble tout pèp la; menm tout fis Israël yo, sèt-mil.


Fis Israël yo te deja rasanble avèk tout pwovizyon yo pou te ale rankontre yo. Yo te fè kan devan Siryen yo tankou de ti bann kabrit, men Siryen yo te ranpli peyi a.


Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan teritwa Israël la,


Alò tout lòt zèv a Joachaz yo, avèk tout sa li te fè ak pouvwa li, èske yo pa ekri nan Liv La A Kwonik Yo A Wa Israël Yo?


Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?” Alò, li te reponn: “Paske mwen konnen mal la ke ou va fè a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt.”


Mwen te bat yo kraze fen tankou pousyè devan van; mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.


Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo.


Kilès ki te fè leve yon k ap soti nan lès? Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati la? Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt; li fè yo tankou pousyè ak nepe li, tankou pay k ap chase pa van devan banza li.


Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an! Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.


Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Damas yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon li; akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.


“Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. Mwen te touye jenn mesye nou yo ak nepe, e te retire cheval nou yo. E Mwen te fè movèz odè kan ou monte antre nan nen nou. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


Epi Samuel te leve monte soti Guilgal pou rive Guibea nan Benjamin. Saül te konte moun ki te prezan avè l yo, yo te anviwon sis-san mesye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite