Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan venn-twazyèm ane a Joas la, fis a Achazia a, wa Juda a, te devni wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan di-setan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan disetan nan lavil Samari.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 13:1
10 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di a Jéhu: “Akoz ou te fè sa ki bon nan acheve sa ki bon nan zye m, e ou te fè a lakay Achab selon tout sa ki te nan kè M, fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.”


Joas te genyen laj sèt ane lè l te vin wa a.


Alò, nan setyèm ane a, Joïada te voye mennen kapitèn a santèn yo, a Karyen yo ak nan gad yo. Li te mennen yo kote li lakay SENYÈ a, e li te montre yo fis a wa a.


Nan setyèm ane Jéhu, Joas te vin wa a, e li te renye karantan Jérusalem. Non manman li te Tsibja nan Beer-Schéba.


Paske Jozabad, fis a Shomer a, avèk Yehozabad, fis a Schimeath a, sèvitè li yo, te frape li e li te mouri. Yo te antere li avèk zansèt li yo nan vil David la e Amatsia, fis li a, te devni wa nan plas li.


Nan trann-setyèm ane a Joas, wa Juda a, Joas, fis a Joachaz la te devni wa sou Israël Samarie e te renye pandan sèzan.


Li te fè mal nan zye a SENYÈ a e li te swiv peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. Li pa t vire kite yo menm.


Sa se pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.


Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite