Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Wa 12:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Lajan ofrann koupab la avèk lajan ofrann peche a pa t antre lakay SENYÈ a. Li te pou prèt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Yo pat mete lajan ofrann moun fè pou peye pou sa yo fè ki mal ak lajan ofrann moun fè pou peche yo fè san yo pa konnen nan bwat Tanp Senyè a. Se pou prèt yo li te ye.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 12:16
9 Referans Kwoze  

“‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.


Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a.


Li va poze men li sou tèt mal kabrit la e touye li nan plas kote yo touye ofrann brile devan SENYÈ a. Li se yon ofrann peche.


Yo manje sou peche a pèp Mwen an, e yo dirije volonte yo vè inikite yo.


Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”


Kon responsab pou kay depo yo, mwen te chwazi Schélémia, prèt la, Tsadok, skrib la, avèk Pedaja a Levit yo: epi akote sila yo, Hanan, fis a Zaccur a, fis a Matthania a; paske yo te konsidere kon moun serye e se te tach pa yo pou separe bay a frè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite