Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 11:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, li te kache avèk li pandan sizan lakay SENYÈ a, pandan Athalie t ap renye sou peyi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Joas rete kache nan Tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l nouris la pandan sizan. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 11:3
7 Referans Kwoze  

Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò.


Alò, nan setyèm ane a, Joïada te voye mennen kapitèn a santèn yo, a Karyen yo ak nan gad yo. Li te mennen yo kote li lakay SENYÈ a, e li te montre yo fis a wa a.


Li te kache yo lakay SENYÈ a pandan sizan pandan Athalie t ap renye sou peyi a.


Mechan yo pwomennen toupatou tout kote lè bagay ki lèd vin leve wo pami fis a lòm yo.


Fanm nan te vin ansent, li te fè yon fis. Lè l te wè ke li te byen bèl, li te kache li pandan twa mwa.


Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”


Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite