Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Eli reponn: — Si m se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife sòti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l kankannen nou. Lamenm, yon dife sòti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 1:12
6 Referans Kwoze  

Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.


Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’”


Konsa, li te voye ankò kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Lè twazyèm kapitèn nan te monte, li te vini e te bese ba sou jenou li devan Élie. Li te sipliye li e te mande li: “O nonm Bondye, souple kite lavi mwen avèk senkant sèvitè ou yo gade kòm presye nan zye ou.


Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive pou l te di: “Dife Bondye te tonbe soti nan syèl la, e te brile tout mouton avèk sèvitè yo. Li te manje yo nèt e se mwen sèl ki te chape pou di ou sa.”


Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite