Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 1:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Eli reponn: — Si m se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife sòti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l kankannen nou! Lamenm, yon dife sòti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 1:10
22 Referans Kwoze  

Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: “Koute, tout pèp nou an!”


Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’”


men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.


Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive pou l te di: “Dife Bondye te tonbe soti nan syèl la, e te brile tout mouton avèk sèvitè yo. Li te manje yo nèt e se mwen sèl ki te chape pou di ou sa.”


“Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”


Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo. Flanm nan te manje mechan yo.


Pou rezon sa a, akoz lòd a wa te byen ijan e founo a te vin tèlman cho, flanm dife a te touye mesye ki te pote, fè monte, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego yo.


Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!”


Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.


Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.


Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.


Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.


Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”


Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”


Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.


Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.


Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite