Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Timote 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouray nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Timote, ou se yon pitit gason pou mwen. Se pou w chache vin pi solid toujou nan gras ak nan lanmou Jezikris la.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 2:1
14 Referans Kwoze  

Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.


Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.


Men koulye a, se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.


Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen bon konba a,


A Timothée, vrè pitit mwen nan lafwa mwen an: lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.


“Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.


a Timothée fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.


Paul yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus,


Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite