Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 8:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 David pran mil sètsan (1.700) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (20.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 8:4
8 Referans Kwoze  

Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a. Li te koupe jarèt cheval yo, e brile cha yo avèk dife.


Alò, SENYÈ a te di a Jousé: “Pa pè akoz yo menm, paske demen nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël. Nou va koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.”


Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.


David te pran nan men Hadarézer, mil cha avèk sèt-mil chevalye ak ven-mil sòlda a pye. David te koupe jarèt a tout cheval a cha yo, men te konsève kont pou rale san cha.


Alò, Salomon te ranmase cha avèk cheval yo. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo avèk wa a nan Jérusalem.


Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’


Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo; pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo. Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun, e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite