Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 7:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l tankou yon papa korije pitit gason li.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 7:14
19 Referans Kwoze  

Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di: “Ou se Fis Mwen. Jodi a Mwen fè Ou”? E ankò: “Mwen va yon Papa pou Li e Li va yon Fis pou Mwen,”


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li.


Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an.


Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.


Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.


Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”


“Gade byen kijan nonm ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan. Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.


Mwen va yon Papa pou nou, e nou va fis ak fi pou Mwen,’ di Senyè Tou Pwisan an.”


Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.


Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo,


“‘Sepandan, Mwen p ap pran tout wayòm nan sòti nan men l, men Mwen va fè li chèf pandan tout jou lavi li, pou koz David, ke Mwen te chwazi, ki te swiv kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo,


Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan.


Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite